Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi piye lokal "Le Nouvelliste"

Nèg ak zam k ap opere nan Pòtoprens piye lokal jounal "Le Nouvelliste" ki genyen plis pase 125 lane egzistans.

Se Direksyon jeneral jounal la ki anonse nouvèl la nan yon nòt yo pibliye ayè jedi 25 avril 2024 la. "Depi plizyè jou moun nou pa idantifye anvayi lokal la ki sitiye l nan "rue du Centre", nan Pòtoprens. Yo pwofite vandalize ekipman yo, retire mèb yo ak matyè premyè ki nesesè pou enprime jounal la", se sa Direksyon Jeneral Le Nouvelliste eksplike.

news-details

Fas ak move zak terib sa a, ak konsekans grav, "Le Nouvelliste" di li kapab sèlman konte sou otorite lajistis ak lapolis ki gen wòl pwoteje lavi ak byen sitwayen yo.

Nap raple ke bandi yo ki di se yon revolisyon yap fè, piye divès fakilte nan inivèsite leta a, yo piye lekòl tou, bank, lokal Près Nasyonal la ansanm ak plis pase yon ventèn pòs polis.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire