Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi ak zam kidnape evade Jean Laguel Civil ki se ansyen koòdonatè sekirite prezidan Jovenel Moïse la

Nèg ak kap opere nan Vilaj de dye Kidnape Jean Laguel Civil, ki se ansyen koòdonatè sekirite prezidan Jovenel Moïse la.

Jean Laguel Civil, youn nan moun ki te nan prizon nan kad ankèt sou asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la, twouve l nan men Kidnapè depi plizyè jou. Selon avoka li ki se mèt Renold Georges, bandi yo mande gwo lajan pou libere evade a.

news-details

Toujou daprè mèt Reynold Georges, depi jou Penitansye Nasyonal te kraze a, nèg ak zam yo te tou Kidnape Jean Laguel Civil e yo te fè wout vilaj avèl. "Mwen pale avèl, li dim depi menm jou prizon an kraze a, plizyè nèg te pwente zam sou li epi fòsel deplase ansanm ak yo", se sa mèt Georges di nan yon antrevi ak kèk jounalis an liy.

"Lèm pale a fanmi an yo dim yo mande gwo lajan m'en yo poko vle dim Konbyen kòb. Pwòch li yo dim yo kòmanse avèk kèk demach pou yo jwenn kòb pou Jean Laguel Civil kapab libere e pou l dispoze l pou otorite yo", se sa mèt Georges ajoute.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire