Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Ayiti/Manifestasyon kont ensekirite : Yon elèv lekòl pran bal nan kou

Plizyè santèn elèv Lise Fritz Pierre Louis ak lòt lekòl nan kapital la, pran lari pou manifeste kont kidnapin kolektif, ki fèt jodi jedi 26 janvye 2023 an nan lise n site an. Nan kad mobilizasyon sila, yon elèv lekòl pran bal nan kou devan lokal Collège Canado-Haïtien an.

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon jounal la, elèv la pran bal pandan ajan sekirite Collège Canado-Haïtien yo t ap tire pou kraze foul la ki t ap manifeste devan lokal yo an.

news-details

Eta sante elèv sa nou pa idantifye agrave, daprè deklarasyon kèk kanmarad li.

N ap raple, elèv lekòl yo pran lari pou manifeste aprè bandi ak zam fin kidnape plizyè moun ak liseyen anndan Lise Fritz Pierre Louis an.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jefferson H. VOLCIMUS

Journaliste

Jefferson H. VOLCIMUS. Étudiant à la Faculté d'Ethnologie de l'Université d'État d'Haïti (FE/UEH) et journaliste depuis 2018. Passionné du journalisme, du sport, de la littérature et de la photographie.

Laissez un commentaire


0 Commentaire