Aprè BINUH ak Canada, anbasad amerikèn salye enstalasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an epi felisite aktè yo pou inisyativ sa.
Nan yon twit, Anbasad amerikèn di "prestasyon sèman manm Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la reprezante yon etap esansyèl nan fè Ayiti retounen nan yon gouvènans enkliziv."
"Nou felisite tout patisipan yo pou angajman yo pran nan chèche konpwomi ak travay ansanm pou amelyore lavi tout Ayisyen", se sa yo ajoute.
Nap raple ke demach ki pèmèt KPT a rive enstale a jwenn sipò CARICOM, Etazini, La Frans avèk Kanada.
0 Commentaire