Lejethor Césaire, yon komèsan, pèdi lavi l aprè l fini resevwa plizyè kout kouto devan lakay li.
Dram sa rive samdi ki te 23 mas 2024 la, nan ri Bonzanfan, nan komin Benè, depatman Sidès peyi a.
Selon enfòmasyon yo, se Rodrigue Jean Baptiste alyas Ti Kakou ki touye anba kout kouto Lejethor Césaire, ki gen yon senkantèn ane.
Pou kounya, kras moun poko konnen rezon ki pouse endividi sa komèt Krim sa.
Se Jounal Premye Okazyon ki rapòte nouvèl la, daprè sa Majistra komin nan fè korespondan yo nan rejyon an konnen.
0 Commentaire