Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Gracia asasinen manbo Tamara epi li ale ak tèt manbo a

Tamara Aristil se non Manbo sa ki pèdi lavil aprè l ta resevwa plizyè kout kouto anba men yon endividi yo konnen sou non Gracia nan lokalite Lasikri 5kyèm seksyon kominal Senlwi di Sid, nan lannwit 23 Mas 2024 la.

Pwòch viktim lan fè konnen <<Tamara te sot lakay li bò 7tè nan aswè, li tal fè travay rityèl pou Gacia ki konn abitye vin pran sèvis sa yo nan menl. Yo di, se pandan Manbo an pare kòl pou benyen misye, li rale koutol epi blese madanm lan nan tout kòl.>>

news-details

Aprè prezime kriminèl la fin komèt zak malonèt sa, li sove ak tèt manbo an.

Tamara Aristil se te yon jèn manman ki gen selman 33 lane, li mouri kite 4 timoun.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire