Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi ak zam boule yon santèn machin ak plizyè depo anba lavil la

Anba lavi l, se yon dezas total. Bandi ak zam boule yon santèn machin ki te nan garaj ak plizyè depo.

Gang kap opere nan Pòtoprens poze aksyon sa yo ayè dimanch 24 mas 2024 la.

news-details

Yon santèn machin, depo matla ak mèb pase anba dife. Bilding ki gen tribinal seksyon Sid la pat epanye; yon pati ladanl boule tou.

Se ajans Passion Infos Plus ki rapòte enfòmasyon an jodi lendi 25 mas 2024 la.

Gang yo kontinye fè sa yo vle, kote yo vle, alòske tout otorite nan mawon pandan yap kontinye jwi privilèj leta a, pandan ti pèp la lage poukòl.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire