Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Anviwon 15 prizonye jwenn liberasyon yo nan vil Okay

Anviwon 15 prizonye jwenn liberasyon yo, pandan wikenn pase a nan komin Okay, depatman Sid peyi a.

Se Pakè vil la ki pran inisyativ sa nan kad yon odyans espesyal yo òganize, nan lide pou diminye sou kantite moun ki twouve yo dèyè bawo.

news-details

Aprè plizyè mwa yo pase nan prizon, moun sa yo rejwenn fanmi san okenn difikilte aprè chèf pakè Okay la, Me Ronald Richemond te fini reyalize odyans sa.

Se jounal Premye Okazyon ki rapòte enfòmasyon an, selon sa korespondan yo nan rejyon an fè yo konnen.

Detansyon prevantiv se yon gwo pwoblèm plizyè milye detni ap konfwonte nan divès prizon anndan peyi a, sitou lèn konnen nan ki kondisyon inimen prizonye yo ap viv chak jou. Inisyativ sa divès lòt chèf pakè yo ta dwe anbwate li tou. Li rete pou n swiv.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire