Nan kad koperasyon Ayiti ak peyi Lafrans sou kesyon sekirite anndan peyi a, Sèvis Sekirite Entèn (SSI) nan anbasad Lafrans ki an Ayiti deside fè Ayiti kado 2 chen, daprè yon kominike ki pibliye sou paj Facebook anbasad peyi Lafrans ki an Ayiti a nan dat 23 dawout 2023.
« Sèvis Sekirite Entèn (SSI) anbasad Lafrans an Ayiti remèt 2 chen espesyalize nan rechèch nakotik ak eksplozif nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture nan Pòtoprens. Bèt sa yo te konfye ak Biwo Anti-Drog Trafficking (BLTS) nan ayewopò an.» sa ke anbasad la anonse nan lang franse.
Toujou daprè anbasad la, antrenè a ki fòme ak antrene chen yo te rive fè fòmasyon ak anpil egzèsis pou chen yo nan kondisyon reyèl nan ayewopò an kòm byen ke nan baz la kanin, nan dat soti 14 dawout pou rive 21, 2023
Pou fini, anbasad la raple ke, Aksyon sa a te fèt tankou ane pase ak lajan MILDECAgouv la. Li enpòtan pou sonje ke ayewopò Pòtoprens kounye a gen twa chen, tout se Lafrans bay.
Nòt sila leve kòlè anpil Ayisyen, e leve deba tou, kèk sitwayen wè trè mal dirijan peyi Ayiti, « konmsi la pou lapolis la pa wont pou se sa lap pran nan men yon anbsad, pandan setan PNH la gen yon bidjè ki ka jere ti kesyon minim sa yo, dirijan nou yo sanble pa konn istwa nou, antouka se bon koperasyon mwen bezwen pou peyim , mpa bezwen koperasyon bidon sa yo » se sa youn nan sitwayen yo te lanse
Nap raplew ke 10 me pase anbasad Lafrans te fè Ayiti kado 17 moto, sa te soulve anpil deba nan sosyete a, anbasadè peyi Lafrans l’an ki se « Maurice Mauriès » te reyaji nan media e di se Ayiti ki te fè demann moto yo atravè anbasad la.
Ki donk yo baw sa ke dirijan nou mande , dirijan nou mande sa yo wè ke nou merite . Antouka !!
0 Commentaire