Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yon gwo fwaye gang kreye nan komin Tomond

Fwaye gang pa sispann miltipliye an Ayiti, endividi ak zam rive plase yon nouvo gwoup bandi nan komin Tomond ki twouvel nan depatman Sant peyi a.

Selon enfòmasyon redaksyon an dispoze, malveyan san fwa ni lwa sa yo kòmanse simen latwoublay nan mitan popilasyon Tomond lan. Yo pran plezi yo nan detounen kamyon machandiz, vòlè materyo konstriksyon epi vòlò machin ak moto popilasyon an.

news-details

Daprè kèk moun Tomond, bandi sila yo gen relasyon ak gwo chèf gang nan Pòtoprens.

Abitan nan komin lan rele anmwey pou bandi sa yo epi yo mande konkou lapolis pou fè dilijans pou demantle fwaye gang sa ki soti pou lage yo 2 bwa balanse

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


1 Commentaire