Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

<<Livres en main>> Yon projè edikasyon pou timoun ki nan kan yo

Yon gwoup jèn pwofesyonèl, inivèsitè, nòmalyen mete tèt yo ansanm nan yon pwojè ki pote non <<Livre en main>> pou pataje lakonesans ak timoun ki nan sit akèy nan Pòtoprens lan.

Anndan pwojè sila yo bay timoun yo kou matematik, fransè, konesans jeneral, teknik sinema, ledikasyon sivik ak espò selon nivo etid yo.

news-details

Selon inisyatè yo, pwojè a demare nan 4 sit, yo pa pran yon goud nan men timoun yo ki tap choute boul, moute kap epi jwe aza nan kan yo, okontrè yo distribye kaye ak kèk lòt materyèl eskolè ak yo paske gen nan yo ki pat gentan pran anyen lè paran yo te kouri ak yo anba zak vyolans gang yo.

Marc André Polimon, ki se reskonsab pwojè a fè konnen, yo ta renmen rive nan tout 12 sit ebèjeman ki nan Pòtoprens yo. Yo gen diferan pwofesè pou chak kou epi orè yo varye.

Edikatè a souliye, enstititè yo pa touche yon goud epi yo pa janm plenyen pandan yap bay sèvis kominotè sila.

Nap raple ke, timoun sa yo, ki se benefisyè pwogram sila, te kouri kite Kay kote yo tap viv pou yal pran souf nan kan sa yo akòz vyolans nèg ak zam nan plizyè katye nan rejyon metropolitèn nan.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire