Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Divès zòn nan kapital la reveye anba gwo kout bal

Divès zòn nan kapital la tankou Kris Wa, blòk Palè Nasyonal ak Fò Nasyonal leve anba anpil tire jodi samdi 23 mas 2024 la.

Selon sa ajans Passion Infos Plus rapòte, premye eleman enfòmasyon yo fè konnen se baz Brigad Entèvansyon ak Operasyon Depatmental la (BOID) bandi ki sòti zòn Belè ap atake.

news-details

Menm jan yo pran plizyè pòs polis deja, bandi yo deja fè plizyè atak sou baz BOID sa. Erezman ajan PNH yo toujou sou pye de gè pou evite rèv gang sa yo reyalize.

Paralèlman, divès kote nan Klèsin antre nò Kapital la, te genyen anpil tire tou. Malfra yo kontinye ap simen latwoublay.

Avèk sitiyasyon kawotik Ayiti ap konnen dènye jou sa yo, Katouch pa janm sispann chante nan plizyè rejyon nan depatman Lwès la, malgre jefò Polis Nasyonal la ap fè pou bay yon ti kras lapè.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire