Ajan BLTS ki nan Ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen an arete, Dimanch 23 fevriye 2025 lan, enspektè Imigrasyon Cald Philippe, pandan li tap pran lajan nan men yon pasaje ki gen yon fo viza, pou fè l pati.
Kounye a, enspektè Imigrasyon Ayewopò Kap Ayisyen an Cald Philippe ap reponn kesyon SDPJ.
Bò kote pa l, chèf sekirite Ayewopò Okap la, Joseph Dudley, ki te prezan pandan arestasyon an, di y ap travay pou arete tout raketè ki enplike nan jan de trafik sa yo nan èpòt Kap Ayisyen an.
Raketè yo oganize yo a travè ajans vwayaj yo pou bay moun ki vle kite peyi a fo viza, arange yo pou moun sa yo pase san Pwoblem nan imigrasyon, depi yo gen lajan nan men yo.
Nap raple, apre rankont otorite yo nan Ayewopò Entènasyonal Site Kristòf la, fòs lòd yo deja mete anba kòd 2 moun yo sispèk ki enplike nan jan de trafik sa yo nan Ayewopò Okap la.
Par : Gerard Maxineau
0 Commentaire