Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Lapolis mete anba kòd yon gwo chèf gang, nan moman yo tapral enstalel pou dirije zòn Fresino

Lapolis nan vil Sanmak mete anba kòd Olrith Volcy nan lokalite Pon Tanbou ayè jedi 23 Fevriye 2024 la, pandan yo ta pral enstale kòm chèf gang nan Fresino ak lòt zòn nan anviwon an.

Endividi sila ki tap opere nan Grand Salin li fè pati gwoup KashKash li menm arive resevwa yon bal nan echanj kout zam ak Lapolis nan moman yo tap aretel la. Selon sa, Komisè Jude Jean Chery rapòte.

news-details

Daprè Chèf Polis Jiridiksyon Senmak la, ekip sa ki te gen Volcy Olrich la konn abitye bloke wout Nasyonal No 1 an lè gen manifestasyon kont Gouvènman Ariel Henry an, pou pran lajan nan men chofè ak pasaje.

Pou kounya, Lapolis nan vil Senmak ap chache 2 lòt endividi ki pote non "Grafiti ak Ti Piman". Nèg sa yo se manm aktif gwoup la tou, daprè Mèt, Venson François.

Endividi malonèt sa yo pa sispann bloke antre Wout nasyonal no1 an Jiska yè aprè midi, sa ki te kreye gwo enpak sou sikilasyon nan vil Senmak.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire