Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Maestro Arly Larivière ak gwoup Nu-Look remèt yon chèk 400 mil goud pou konstriksyon kanal Wanament lan

Nan lide pou kontinye konstriksyon kanal Wanament lan, menmjan ak anpil atis tankou , WID, Bourik the Latalay , Annie Alerte lelatriye, maestro Arly Larivière ak Gwoup Nu-Look pa rete endiferan, yo deside bay yon chèk 400 mil goud Ayisyen kòm kotizasyon pou kontinye konstriksyon kanal la.

Yon chèk direksyon bank Unibank ki genyen Dat 22 sektanm 2023, nan lye Kap-Ayisyen , ak yon valè 400 mil goud sou li, Maestro Arly Larivière siyen pou ekip ki ap jere kesyon kanal la, e maestro a pwomèt tou ap gen yon lòt vèsman ankò pa twò lontan .

news-details

«Arly Larivière ak gwoup Nu-Look remèsye popilasyon Wanament la, pou aksyon patriyotik li reveye nan chak grenn Ayisyen, yon fyète ki ta p dòmi e ki te disparèt nan konsyans kèk Ayisyen. Nu-Look pa ta kab rete endiferan nan kokennchenn woumble sila. Gwoup la voye yon premye kotizasyon de (400.000) kat san mil goud, pou kontinye travay konstriksyon kannal la sou Rivyè Masak la. Yon lòt vèsman lajan gen pou fèt byento. KANNAL LA PA P KANPE.» Tèks ke maestro a ekri sou paj Facebook li akonpaye ak chèk la.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire