Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi ak gwo zam lou mete dife nan plizyè kay anndan santo 12, sitiyasyon an terib

Depi plizyè jou, se gwo goumen ant yon gwoup polisye nan santo 12 ansanm avèk bandi chen mechan yo ki mele avèk ekip Jeff Kanaran .

Batay sa kòmanse pandan semèn nan la. Anndan Santo 12, se gwo tristès, divès manm nan Popilasyon an deja kite zòn nan, bandi mete dife nan plizyè kay, trafik machin kanpe epi kout bal pa janm sispann sonnen lajounen kou lannwit.

news-details

Selon enfòmasyon redaksyon jounal la genyen, batay sa lanse aprè yon gwoup polisye ki gen yon ti non "BKT" te arive stope yon Ougan ki se alye gang "Chen Mechan" ki gen yon ti non ki rele "Dady" nan lannwit madi 19 dawout la. Depi jou sa se gwo latwoublay nan zòn nan. Anpil aktivite paralize.

Jodi jedi 22 dawout 2024 la, te gen afwontman ant plizyè cha Polis avèk nèg ak zam nan zòn Kazo, Kwadèmisyon avèk Maren. Kras moun poko konnen kilè lapè ap tounnen nan rejyon sa ki anba kontwòl chimè yo.

Popilasyon an nan zòn sa mande otorite yo pou pran bon jan desizyon pou ranfòse bakòp Lapolis yo, yon fason pou lapè retounnen nan rejyon an yon fason pou yo retounen avèk aktivite yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire