Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl kondane zak maspinay Direktè lekòl Enstitisyon Georges Sylvain fè sou Brithney Bernard, ki se yon elèv ki nan klas Nouvo Segondè 2.
Nan yon kominike pou laprès, otorite edikativ yo an Ayiti anonse yo sezi pèmi pou dirije Clément Geffrard Lanier, ki se Direktè lekòl Enstitisyon Georges Sylvain nan vil Sen Mak aprè li te fini maltrete tankou yon tibèt Brithney Bernard, lendi ki te 20 me 2024 la. Ministè a fè konnen tou li sezi pèmi pou dirije Félix Estimé ki se prensipal responsab lekòl la.
MENFP a di li reyafime detèminasyon l pou konbat zak vyolans anndan lekòl yo sou tout fòm, pandan l raple lekòl se yon espas kote elèv yo dwe aprann viv nan respè youn pou lòt.
"Gen fòmasyon ki pral kontinye fèt tou pou ede direktè lekòl yo konprann pi byen responsabilite yo nan klima anndan lekòl yo ak byenèt elèv yo, jan sa di nan konvansyon entènasyonal yo ak lalwa nan peyi D Ayiti sou pwoteksyon dwa timoun, ak lòt dokiman Ministè a ki defini règ bòn konduit tout pèsonèl lekòl yo dwe respekte toutan."
"Ministè a pa p sipann mande popilasyon an, sitou paran yo, pou yo rete vijilan yon fason pou kwape zak vyolans anndan lekòl yo. Konsa, yo ka rele nan Sant Apèl Ministè a pou yo bay doleyans yo e denonse tout zak malonèt nan nimewo telefòn sa yo : 31 26 75 19/47 20 43 75."
0 Commentaire