Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm kondane zak vyolans grav youn nan responsab lekòl Enstitisyon Georges Sylvain fè sou yon elèv Britney Bernard jou lendi 20 me 2024 la.
Nan yon kominike pou laprès, Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm estime move pratik sila a yo kontrè ak lalwa 2001 an, nan aktik 1 li ki entèdi kèlkeswa moun nan pou I matrete yon timoun, pou kèlkeswa rezon an. Kidonk, direktè lekòl la komèt 2 enfraksyon. Premyeman, li vin lonje lis gason kap fè vyolans fizik sou tifi, dezyèman li vyole Iwa 2001 an ki kondane tout fòm vyolans ak chatiman kont timoun.
Direktè lekòl ki poze zak brital sa rele Clément Geffrard Lanier.
"Nan tout peyi sou latè, lekòl se kote yo ede moun vin oryante mounite ak panse yo pou itil sosyete yo. Lekòl se yon espas ki aprann moun viv ansanm, ki aprann moun konprann youn lòt, se yon espas ki aprann moun respekte epi aplike prensip sosyal yo pou yo viv an bon sitwayen san deranje lòt ni krache sou entegrite fizik ak moral lòt la. Lekòl pa dwe yon kote timoun al pran baton ak move tretman."
"Atravè zak malonèt sa a, direktè a montre a klè li se yon chèf wonflè ki pa gen pitye pou timoun, alevwa pou tifi. Direktè sa a gen plas li tout lòt kote sof nan lekòl, yon lye sakre kote yo bay moun Edikasyon ak bon jan levasyon. Se pou sa MKFDF ap mande Ministè Edikasyon nasyonal pou sanksyone direktè sa a epi pou Ministè lajistis ak lapolis pran tout mezi pou arete epi pini sitwayen an kòmsadwa. Vyolans sou tifi dwe kaba toupatou nan peyi a, sitou anndan lekòl", se konsa nòt MKFDF la fini.
0 Commentaire