Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi “Viv ansanm” yo depatcha soukomisarya Matisan

Bandi ak zam yo kontinye kraze enfrastrikti Polis Nasyonal la anba je Direktè Jeneral la Frantz Elbé.

Nan lannwit madi 21 me 2024 la, nèg ak zam yo deside demoli soukomisarya Matisan an aprè plizyè lane depi yo te pran kontwòl li.

news-details

Yon lòt bò pandan menm jounen madi 21 me an, bandi yo te mete dife nan sou Komisarya Seslès la aprè plizyè mwa depi pòs sa te vid. Polisye yo te deside kite espas la aprè masak bandi Kanaran te fè sou Polisye Bon repo yo.

San bliye ke nan wikenn pase a, pandan fèt drapo peyi a, malfra yo te pibliye yon videyo kote yo kòmanse kraze yon pati nan prizon sivil Kwadèboukè a.

Nèg ak zam nan divès kwen nan depatman Lwès la pa sispann simen latwoublay anba jere otorite yo nan PNH la, pandan Popilasyon an kontinye ap tann misyon miltinasyonal la.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire