Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi ak zam kase yon gwo biznis sou TABA

Bandi ak Zam anvayi epi kase magazen "Kay Mr Chacha" ki chita nan nimewo3, Taba 41, wout Vorbe et Fils nan do Anbasad Ameriken an, jou Madi 21 Me 2024 la.

Endividi yo pote ale tout sa yo jwenn nan magazen sila, ki vann rad "pèpè" an gwo ak an detay. Yo pran materyèl travay, machandiz, batri elatriye.

news-details

Pandan nouvo Konsèy Tranzisyon an chita ap tann fòs entènasyonal la deplwaye pou vin ede Lapolis konbat gang yo nan peyi a. Kriminèl yo pa sispann komèt zak malonèt nan mitan popilasyon an, yo touye, kraze epi boule plizyè komisarya, kase fakilte, entrepriz ak depo nan divès zòn nan Pòtoprens anba je Lapolis.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire