Le Placentin
<
Flash
news-details
Immigration

218 ayisyen jwenn arestasyon yo Repiblik dominikèn nan 2 jou, epi sezi anpil bagay nan men yo

218 sitwayen ayisyen jwenn arestasyon yo nan plizyè zòn nan Repiblik dominikèn pandan 2 jou. Otorite yo nan peyi vwazen an ranfòse operasyon yo kont migran ilegal yo, nan lide pou dekouraje epi anpeche yo kontinye rantre nan peyi a san papye.

Se Kò Espesyalize nan Sekirite Fwontyè Tèrès yo (CESFront) ki kòmanse avèk seri operasyon sa yo depi jedi pase a. Nan yon premye tan yo arete yon gwoup ki gen ladanl 151 ayisyen. Nan yon dèzyèm tan yo mete anba kòd 67 lòt. Pami yo gen yon total 30 fanm ak 8 minè.

news-details

Operasyon sa yo fèt nan plizyè zòn ki twouve yo nan pwovens Dajabón ak Elías Piña.

CESFront sezi nan men moun sa yo 58 pakè sigarèt, 147 boutèy wiski Gold, 24 ti boutèy kleren, 54 boutèy wiski 8PM, 55 bwat lèt Bongú, 7 manchèt ak 9 sak bannann.

Aprè seri arestasyon sa yo CESFront remèt moun sa yo bay Direksyon Jeneral Migrasyon pou swivi yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire