Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Antrenè adjwen ekip baskèt Pòs Machan an mouri avèk yon bal nan tèt

Lis viktim ensekirite a pa sispann ogmante. John Germain Exdès pèdi lavi l aprè li te fini pran yon ba l nan tèt alòske l te lakay li nan Pòs Machan.

Ensidan malere sa rive ayè jedi 21 mas 2024 la. Antrenè adjwen ekip baskèt Pòs Machan an te genyen 28 lane. Li pran bal la nan moman te genyen gwo tire nan divès zòn ki nan antouraj Chann mas la. Selon sa plizyè sitwayen fè konnen, se Lapolis ki tap chase bandi ki t ap tante anvayi baz UDMO a.

news-details

Selon enfòmasyon nou rive jwenn, plizyè lòt moun te blese ak bal sou Chann mas la. E Lapolis te deplwaye tout strateji pou fè bandi yo retounen nan kachèt yo.

Dram sa lage fanmi jèn spòtif la nan gwo tristès. E se prèske chak jou moun ap mouri ak kout bal nan divès nan zòn nan depatman lwès la.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire