Le Placentin
<
Flash
news-details
Culture

Ayiti/Kilti : Relansman djougan espas kiltirèl « Anba Zanmann » Kay Sonson Mathurin

Fèmen depi apre gwo pwoblèm gaz ak ensekirite a nan lane 2022 a ann Ayiti, espas kiltirèl « Anba Zanmann » Kay Sonson Mathurin, relanse 2 pye fèm jodi dimanch 22 janvye 2023 a vè 10 zè nan maten, nan Ri Kamelo (Zòn fakilte lenguistik aplike).

Aprè yon tan poz parapò ak pwoblèm gaz epi kidnapping nan k ap ravaje sosyete ayisyèn nan, « Anba Zanmann », relouvri pòt li jodi dimanch 22 janvye 2023 a. « Anba Zanmann », s on gwo espas kiltirèl ak refleksyon anndan peyi Dayiti, ki reyini diferan entèlektyèl ayisyen k ap reflechi sou tout pwoblematik ki gen rapò ak lavi moun, lavi peyi papa Desalin lan.

news-details

Nan jounen relansman sa, espas kiltirèl ANBA ZANMANN te resevwa 2 gwo aktivite ; Balade Poétique ; KOKI LANMÈ ki s on animasyon chan ak dans vodou. Rodolphe Mathurin, alyas Sonson ki se nimewo 1 espas la te kontan pran lapawòl, pou salye prezans piblik la. Yon lòt kote, Dramatij Rolando Etienne te entèvni sou koze Teyat nan peyi a konsènan miz an sèn, ak diferan reprezantasyon, an menm tan ekriven ak filozòf James Francisque bò kote pa l, te bay yon lapawoli kritik sou Teyat nan peyi a epi, fè yon pwopozisyon sou kòman Teyat ta dwe fèt nan peyi a, pou rive rezoud pwoblèm sal Teyat konplè yo ki pa genyen jounen jodi a.

« Yon gwo kout chapo pou nou tout ki vini ANBA ZANMANN KAY SONSON MATHURIN : kit se pou lapremyefwa, kit nou se moun ki abitye nan kay la. Se ak plezi, ak kè kontan e ak anpil respè, m ap swete nou : SANTE, KOURAJ pou lane 2023. ANBA ZANMANN KAY SONSON MATHURIN pral gen pratikman 9 lane. Se 9 lane kote gen tout kalte moun ki pase nan baz la. Nou pataje anpil eksperyans, lapawòl sitou. Chapo pou nou », Pawòl ekriven, powèt SONSON MATHURIN nan diskou pou ouvè kozri a ».

« Li toujou bon lè gen jèn ki vin anime nan espas la. Sa vle di : Travay la pral kontinye, yon fason pou peyi a rete VIVAN, malgre tout difikilte yo. Nou kwè : Si peyi a vin bon fòk gen bon moun ki pou fè l bon. E, fòk moun sa yo dakò travay pou peyi a vin bon. Kidonk, se pou yo ANGAJE Yo », pawòl, Mèt kay la, SONSON MATHURIN, pi lwen nan diskou l la.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Frantzley VALBRUN

Journaliste

Frantzley VALBRUN : Anthropo-sociologue en formation, écrivain, poète et journaliste. Je suis un amant passionné de l'écriture et de la culture, doté d'une grande ouverture d'esprit. Ma liberté est ma demeure.

Laissez un commentaire


0 Commentaire