Wanament, 21 septanm 2025 — Yon dram k ap soulve anpil endiyasyon rive nan Wanament, nan Nòdès peyi a. Yon tifi 13 lane ki rele Dachimeca pèdi lavi li anba kou mechanste pwòp tonton li, apre yon senp ti pwoblèm ki gen rapò ak yon radyo ak yon dèt kredi telefòn.
Selon temwayaj manman timoun nan, Dachimeca te achte kredi pou 500 dola nan men yon moun. Lè moun sa a vin chèche lajan an, fanmi an pa t gen mwayen pou remèt li. Pou evite sitiyasyon an tounen dejenere, tifi a te pran yon radyo ki te pou tonton l, li mete l nan plán san tonton an pa t konnen, epi se konsa moun ki t ap reklame lajan an resevwa aparèy la kòm ranbousman.
Lè tonton an vin aprann sa, olye li chèche konprann sa k pase, li tonbe sou ti fi a ak gwo kòlè. Nan move trètman sa a, li bal yon kout pwen anba kè ki lakòz li tonbe sou plas. Malerezman, blesi a te grav, epi Dachimeca rann dènye souf li.
Popilasyon an choke pa zak sila , ki fè yon timoun pèdi lavi l pou yon rezon yo konsidere kòm banal. Plizyè vwa ap leve pou mande otorite lajistis yo pran responsabilite yo, arete tonton an epi mete l devan tribinal pou li reponn de zak mechanste sa a.
Nan kominote a, anplis tristès, gen anpil kòlè ak enkyetid sou jan vyolans nan fanmi ak neglijans nan edikasyon ap vin tounen yon menas pou timoun yo. Zak sa a soulinye nesesite pou plis sansibilizasyon sou respè dwa timoun yo ak jesyon konfli san vyolans nan fanmi ayisyèn yo.
0 Commentaire