Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Lajistis nan Gonayiv libere aprè jijman Pascal Alfred ki admèt ke li te touye Josué Thermitus ak bal, Jiri a di Pascal pat komèt zak la ak volonte li

Pascal Alfred te akize paske li te touye ak bal Josué Thermitus nan dat 19 novanm 2023. Daprè deklarasyon l devan tribinal la ak sa ki ekri nan òdonans lan, Josué Thermitus tap antre lakay li ak manchèt, byen andjable pou vin touye li.

Jiri a, apre deliberasyon, deside ke Pascal Alfred pat komèt zak la ak pwòp volonte li, epi pat gen okenn premeditasyon nan zak la. Yon desizyon ki chanje kalifikasyon kriminèl la an deli koreksyonèl.

news-details

Selon Lwa 9 desanm 1983, ke yo rele Lwa Lespinas la, nan ka sa a, pèn nan kapab varye sèlman ant 3 mwa a 1 lane prizon.

Konsideran Pascal Alfred, yo rele tou Général Alfred, te deja pase 13 mwa nan prizon pandan enstriksyon an, Tribinal la estime li fin pije plis pase pèn maksimòm lalwa prevwa a.

Se poutèt sa, Tribinal la akite li epi òdone liberasyon li imedyatman jodi vandredi a.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire