Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Ijan: Bandi boule komisarya Gantye a, genyen moun ki mouri nan zòn nan tou

Bandi ak zam yo mete dife nan komisarya Gantye a.

Malfra yo fè zak sa maten dimanch 21 jiyè 2024 la. Yon lòt komisarya pèdi, aprè plizyè dizèn lòt bandi yo te deja kraze, boule nan Kad seri vyolans ki te lanse depi 29 fevriye pase a.

news-details

Pou kounya, kras enfòmasyon poko disponib sou Polisye yo pou konnen kote epi kòman yo ye men selon sous redaksyon jounal la genyen moun nan zòn nan ki mouri nan Kad atak sila malgre poko gen bilan.

Enfòmasyon radyo Émancipation FM rapòte fè kwè gang sa yo ap chache boule Dwàn nan tou.

Bandi yo pa sispann simen laterè aloske gen yon fòs entènasyonal sou teritwa pou ede PNH la batay kont yo.

Daprè kèk manm nan popilasyon an ki pale ak redaksyon Jounal la, jis kounya (10 è 30 am) bandi yo ap tire nan zòn nan ak zam gwo kalib.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire