Le Placentin
<
Flash
news-details
Culture

Kilti : « Chante avèk John Steeve Bruenasch », Yon inisyativ “ Tande Vwa Kilti ”

Asosyasyon kiltirèl “ Tande Vwa Kilti ”, nan dyaspora a lanse yon konkou chante ki batize « chante avèk John Steeve Bruenasch ».

« Chante avèk John Steeve Bruenasch », yon inisyativ Tande Vwa Kilti. Aktivite sila s on koukou chante k ap dewoule soti 25 janvye pou rive 25 mas 2023, sou rezo sosyal yo.

news-details

Konkou sa ap òganize, nan optik pou ride redekouvri Lejann John Steeve Bruenasch, epi idantifye nouvo vwa pou asire larelèv la. W ap kapab patisipe nan konkou sa, kèlkeswa kote ou ye. Chak patisipan ak gen pou chwazi yonn nan kat mizik sa yo pou l entèprete : Larelèv (an ye an ye) ; Se kiyès ; Chimen limyè (2004) ; l’Union.

Chak patisipan ap gen pou entèprete yon chan an akapela, kididonk san enstriman atravè yon ti videyo pandan 3 minit. Konkou sila, a ap gen pou Manm jiri : chantè, konpozitè, entèprèt epi chantè powèt yo atis Wooly Saint-Louis JEAN ; chantèz Nadège Delinois-JEAN alyas Tisoul, Sanba epi atis Chango Bastia.

Premye gayan an ap resevwa yon prim k ap genyen $500 dola vèt, ak yon gita akoustik John Steeve Bruenasch. Pou plis enfòmasyon, ou ka rele nan nimewo sa yo konsènan kèk lòt detay sou konkou a : 321 440 9597 (Isaac Volcy) / 267 444 7742 ( Wilkens Scott Fifi).

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Frantzley VALBRUN

Journaliste

Frantzley VALBRUN : Anthropo-sociologue en formation, écrivain, poète et journaliste. Je suis un amant passionné de l'écriture et de la culture, doté d'une grande ouverture d'esprit. Ma liberté est ma demeure.

Laissez un commentaire


0 Commentaire