Pòtoprens, jedi 20 dawout 2026 - Polis Nasyonal d'Ayiti (PNH) kontinye frape fò kont trafik estipefyan nan peyi a.
Atravè Biwo Lit Kont Trafik Estipefyan (BLTS), ajan lòd yo arete ALEXIS Hernso ak EXTERMINÉ Samuel, nan dat madi 18 dawout 2026 la, nan kad yon operasyon ki te mennen nan zòn Caradeux, Siloe ak Tabarre.
Selon enfòmasyon Direksyon Kominikasyon PNH la (#DIKOP), 2 endividi sa yo te entèsepte avèk yon kantite 281,5 kilogram mariwana. Pou tante twonpe vijilans ajan yo, yo te kache dwòg la nan sak chabon pou transpòte li sou vwa piblik la, a bò yon pick-up.
Yon gwo kantite pakè mariwana byen vlope jwenn nan machin nan, jan foto BLTS yo montre.
Arestasyon sila antre nan kad jefò PNH la, patikilyèman BLTS, ap fè pou konbat rezo trafik estipefyan k ap eseye itilize zòn metwopolitèn nan kòm koridò.
De prezime trafikan yo ap reponn kesyon BLTS anvan yo transfere bay lajistis pou swivi legal yo.
0 Commentaire