Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Lapolis ak lajistis mare tankou krab "Kema Jules " ki ta sanble touye manman pitit li ak plizyè kout kouto

Kema Jules se non jèn gason sila, Lapolis arete nan lokalite Chapentye nan Vil Okay, jodi Lendi 20 Mai 2024 la.

Komisè Gouvènman Jiridiksyon Okay la, Mèt Ronald Richmond ak Lapolis mete endividi sila anba kòd poutèt li ta touye manman pitit li ki se Sophia Mondésir ak 3 kout kouto ayè Dimanch 19 Me a.

news-details

Selon abitan nan kanton an ki tap mande pou bay Kema Jules "bwa kale", fè konnen ke Kema toujou konn ap menase viktim lan, li te konn bat li anpil, li te menm pwomèt viktim nan lanmò.

Pi lwen yo fè kwè ke, prezime asasen an se sakrifis li ta fè ak Sophia Mondésir, koz Kema ta sanble genyen 600 mil dola nan bòlèt jou li touye Sophia.

Aprè Kema te fin komèt zak sila, li te tou sove al kache lakay yon matant li ki rele filloxia, se la fòs lòd yo tal chèchel epi trennenl douvan lajistis.

Pou kounya la, prezime asasen an nan men lajistis.

Sophia Mondésir jèn manman 32 lanne, mouri kite 4 timoun.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


1 Commentaire