Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Lapolis di li demoli plizyè kay nan Lasalin pou bandi yo

Plizyè kay nan Lasalin bandi yo te konn itilize kòm kachèt demoli, se sa PNH la anonse jodi jedi 19 septanm 2024 la.

Operasyon sa yo te lanse depi plizyè semèn e gras ak jefò fòs sekirite yo plizyè ti kay bandi ak zam yo te konn itilize pou simen latwoublay anba lavil la demoli.

news-details

Se polisye ayisyen yo, sòlda Lame a ak sipò polisye Kenya yo kap mennen operasyon sa yo.

PNH la reyafime angajman l pou l konbat fenomèn ensekirite a yon fason pou lòd ak lapè retounen divès kote nan kapital la.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire