Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi ak gwo zam lou atake Lakou dèkont ankò

Bandi ak zam nan Pòtoprens sanble pap bay vag. Yon lòt fwa ankò, jodi dimanch 19 me 2024 la, nèg ak zam yo atake lokal Lakou Dèkont lan ki sitiye tou prè Palè Nasyonal.

Pandan semèn pase a, malfra sa yo te deja atake lokal Lakou Dèkont lan avèk divès gwo enfrastrikti ki nan antouraj la. Alòske nan mwa pase yo, bandi sa yo te piye, boule anpil enstitisyon anba lavi la.

news-details

Menm lokal lekòl ak inivèsite leta a pat epanye anba zak briganday malfra sa yo.

Malgre demach pou deplwaman fòs entènasyonal la ap avanse san kanpe kote materyèl yo kòmanse antre epi premye gwoup sòlda yo prevwa vini nan semèn sa, bandi yo pa sispann atake moun, atake enstitisyon etatik yo nan Pòtoprens.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire