Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Nèg ak zam kase depo “Près Nasyonal Ayiti “ a

Bandi ak zam kase depo Près Nasyonal Ayiti a ki twouvel nan ri di Sant, Pòtoprens, nan lannwit 18 pou louvri 19 Avril 2024 la.

Espas sa sèvi kòm achiv pou jounal ofisyèl peyi an "le Moniteur". Responsab yo fè konnen pou kounya gen plizyè dokiman enpòtan ki nan lari aprè pasaj gang yo.

news-details

Selon enfòmasyon, jounal le Nouvelliste rapòte, Bandi viv ansanm yo, te gentan kase plizyè depo ak Entrepriz anba Delma nan lannwit 17 rive 18 Avril 2024 la.

Pou kounya, enstitisyon an poko drese okenn bilan de kantite materyèl yo pèdi, ak ni konbyen kòb pèt la evalye. Redaksyon an ap swiv dosye a de prè pou si gen evolisyon.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire