Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Men tout sa ansyen prezidan Joseph Michel Martelly te di devan jij enstriksyon an nan kad ankèk sou lanmò Jovenel Moïse, daprè òdonans jij la

Jij Walter Wesser Voltaire rann òdonans li , nan kad ankèt sou asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse, nan òdonans sila nan paj 71, ansyen Prezidan Michel Joseph Martelly te reponn konsa de sa li konnen konsa: "De fason presiz mwen pat genyen enfòmasyon sou sa ki te pase kay Prezidan Jovenel MOISE la. Toutfwa mwen kapab pataje sa ke mwen aprann ki ta pase nan zon kay Prezidan an".

Mwen rive lakay mwen vè minwi 20, nwit sa, miyami, mwen resevwa yon apèl de yon zanmi ki abite pèleren 5, zanmi an tap tante eksplikem sa kap pase a, paske li menm tou li pat ka deplase poul konnen sa ki genyen, li rapòtem depi plis pase 1èd tan edmi genyen tire nan zòn kay prezidan an, mwen santi panik e afòlman nan vwa li, mwen kouri rakwoche pou li ale pran plis enfòmasyon.

news-details

Premye kout fil mwen fè, mwen rele Laurent LAMOTHE ki se te gran konseye Prezidan an, li fèm konnen li pat okouran de anyen, li tap fè plizyè apèl, li ta pral rele chèf polis kite la a, pandan lap fè apèl sa a, mwen menm mwen deside rele chèf sekirite Prezidan an kise Dimitri HERARD, mwen pozel kesyon de sa ki ap pase kay Prezidan, li reponn mwen li lakay li Peguy-ville, li genyen pwoblèm lojistik, li poko ka deplase, mwen ensiste poul fè sal konnen poul monte kay Prezidan an, li dim chofè li preske rive, nan yon entèval 5 a 10 minit pita mwen rele kòmandan Dimitri ankò, li dim chofè a anba mòn nan lap rive talè . Antretan, LAMOTHE jwenn chèf polis la, ki esksplikel li nan zon pèleren 1, pèleren 2, bagay yo difisil, ta sanble se DEA fos etranje ki tap entèvni.

Mwen raple kòmandan USGPN nan, ki eksplikem li fek rive bo kote chef polis la, sitiyasyon an difisil pou reprann mo li " Pa gen monte pa gen desann, neg yo pran kontwol zon nan ta sanble neg yo ta genyen grenad a fragmantasyon".

Apresa LAMOTHE vini lakay mwen, ansyen minis Ronsard SAINT-SYR relem lap vini lakay mwen, apèl mwen jwenn ki soti Ayiti 45 minit aprè konsa komandan USGPN nan relem poul dim Prezidan an mouri, li sou plas.

Petèt mwen resevwa lòt apèl ki tap espekile ki pat konnen anyen, petèt 1èd tan aprè pwochen apèl mwen jwenn ki soti Ayiti, se te komandan USGPN nan ki te relem, poul dim li kenbe kolonbyen yo zòn dèyè kazèn petyonvil la, li tap eseye jwenn konkou lapolis , mwen reponn li fè travay ou, epi LAMOTHE vini rive lakay mwen, Ronsard SAINT-CYR ak ansyen Prezidan chanm depite a Gary BODEAU, tout moun sa yo te Mayami yo te debake lakay mwen.

Mwen abite nan yon apatman 2 pyès, mwen desann nan lòbi a mwen resevwa tout moun yo. Pandan map diskite avèk yo mwen resevwa yon apèl Ayiti de Premye minis ki te la Claude JOSEPH, li dim tout bagay sou kontwòl nan peyi a, mwen rakwoche, mesye yo ale lakay yo, aprè nou te fini pale. Mwen te genyen yon sèl mal gòj ki te pranm, mwen fè 2 semèn mwen pa pale avèk pesòn, mwen rantre tèt mwen nan izolman.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire