Lapolis mete anba kòd yon bandi "Kokorat San Ras" avèk plis pase yon milyon goud
Lucien Nixon alyas "Ti Plimo" jwenn arestasyon li ayè mèkredi 17 avril 2024 la sou boulva vil Okap la. Fòs lòd yo jwenn nan men li yon milyon douz mil nèf san goud sou li.
Enfòmasyon yo fè konnen li tap tann yon lòt endividi ki tap pote zam vini vann li.
Nan kad entèwogasyon devan Lapolis li rekonèt li se bandi kap opere nan gwoup gang "Kokorat San Ras" e li fè konnen tou li te deja bay moun ki tap vann li zam yo yon pati nan kòb la.
Pou kounya fòs lòd yo kenbe bandi sa dèyè kat miray pou kontinye reponn kesyon.
0 Commentaire