Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi kontinye simen latwoublay nan komin Kafou, men tout detay

Byen bonè nan maten Jedi 18 Avril 2024 la, anpil kout bal ap chante nan zòn Lamentin 52 bò Sen-Chal, zòn Tò ak bò Tribinal de Pè komin nan bloke pou maten an.

Enfòmasyon yo fè kwè ke se bandi ki ta ap tante pou atake komisarya Kafou an ki twouvel nan Kot Plaj 16, abitan nan Waney 93 fè konnen yo remake prezans nèg ak zam.

news-details

Pou koulye a, tout aktivite prèske paralize nan komin nan, lekòl ki te deja louvri pòt yo pou resevwa elèv gentan ranvwaye yo, sa ki te nan wout tounen lakay yo, sektè transpò an repliye, abitan yo ap swiv kisa dewoulman jounen an ap pote.

Depi lendi pase, moun nan zòn Maryani pou rive Lanbi te deja pase move moman akoz gwoup gang "bout ba" tap twoke kòn yo ak nèg Lanbi pou yon nouvo pòs peyaj.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire