Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yon mesaje gang pran bwa kale

Kèk manm nan popilasyon sivil Mibalè ki fòme yon brigad vigilans bay yon endividi ki se swadizan mesaje pou bandi, bwa kale, nan lokalite Similyen, komin Mibalè, jounen lendi 15 Avril 2024 la.

Selon enfòmasyon yo, sitwayen yo ta kwaze endividi sila ak yon Zam epi plizyè bal,nan yon ti lokalite ki rele "Bayas". Misye pat chwazi reponn okenn nan kesyon yo te pozel, tankou sou kotel soti, kilès ki voyel, kotel prale, kibol jwenn zam lan epi pou ki gwoup gang lap travay.

news-details

Aprè individi a pat vle bay nonl epi refize reponn a tout kesyon yo te pozel, manm brigad vigilans yo pat fè ni 2, ni 3 yo jis touye misye epi mete dife sou kadav li.

Depi kèk tan, plizyè sitwayen nan Mibalè met tèt yo ansanm pou fòme yon brigad vigilans nan lide pou yo pwoteje komin lan kont bandi ki pa sispann feraye nan peyi a.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire