Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi ak zam touye 10 moun epi boule yon senkantèn kay nan Jeremi

Nèg ak zam nan Jeremi touye 10 moun epi boule anviwon yon senkantèn kay week end pase a. Dram sa lage gwo tristès nan mitan fanmi viktim yo.

Aksyon sa fèt nan kad yon konfli ki egziste ant plizyè bann rara nan lokalite "Castillon", dèzyèm seksyon kominal "Léon".

news-details

Aprè nèg ak zam yo fini fè zak sa, plizyè dizèn fanmi oblije ale pran refij yo sou plas Jeremi an.

Se ajans an liy lefiletinfo ki rapòte enfòmasyon an avèk sous yo nan rejyon an jodi mèkredi 17 avril 2024 la.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire