Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Atansyon/danje: komin Dèlma anba menas yon gwo lagè

Depi plizyè semèn anpil wounou, wounou, chwichwichwi nan zòn anba dèlma, de yon gwo eskandal, yon gwo lagè ki kapab eklate ant yon goup moun nan dèlma 3 ak yon lòt goup nan vilaj solidarite, ki koz abitan nan 2 zòn sa yo pridan anpil anpil.

Mwa mas pase a, aprè yon altèkasyon ant Tiblan ki se yon biznisman nan dèlma 3 ak yon lòt endividi ki se yon machann pen ki gen ti non (zobogi) ki abite nan vilaj solidarite, tansyon an moute anpil aprè lanmò biznisman Tiblan ke yo fizye nan biznis li nan dèlma 3 jou jedi ki te 13 avril 2023.

news-details

Aprè yon gwo diskisyon ant Tiblan ki se pwopriyetè yon pwovizyon alimantè nan dèlma ak yon machann kap vann pen sou yon moto 3 wou yo, Tiblan te rale zam li epi tire sou sitwayen an, gras ak lopital sitwayen an pa t mouri. Nan lannwit jedi ki te 13 avril la endividi yo pa rive idantifye tire ak Plizyè katouch Tiblan pandan li ap vann nan biznis li nan dèlma 3, daprè sous Ki ap enfòme Jounal la, moun nan dèlma 3 fè konnen ke se ekip dèlma 7 ki se alye machann pen vilaj solidarite a ki vin fè vanjans pou li.

Depi aprè lanmò biznisman Tiblan, ekip dèlma 3 konsantre yo , yo di pou yo vanje pou alye yo ( vwazen yo) Tiblan, tout sa ki mete anpil laperèz anba Dèlma, kote ke nenpòt moman yon lagè kapab pete ant 2 gwoup yo, sa koz popilasyon an ki anba dèlma pentad pentad. Kote Leta ?? Antouka !!

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


1 Commentaire