Le Placentin
<
Flash
news-details
Immigration

Pwogram Asistans Migrasyon amerikèn pou Ayisyen ak twa lòt nasyon yo , men kèk verite sou Kondisyon yo

Nan semèn pase yo, Leta, Ameriken pi presizeman Prezidan Joe Biden te anonse entegrasyon migran ayisyen ki nesesite èd imanitè ijan yo atravè yon Pwogram Asistans Migrasyon.

Pwogram Asistans Migrasyon an te la deja depi yon bon tan. kidonk, Kiben ; Venezyelyen ak Nikaragweyen se ansanm nasyon ki te deja ap jwi pwogram sila. Parapò ak gwo debakman ayisyen yo de jou an jou sou sou fwontyè Meksik-Etazini an, Prezidan Joe Biden anonse entegrasyon Ayiti nan pwogram lan.

news-details

Pou imigran ayisyen ak ayisyèn ki ta renmen patisipe nan Pwogram Asistans Migrasyon an gen yon seri kondisyon pou aplike pou ka rive ilijib epi rantre nan peyi Etazini.

« Aksè pou patisipe nan Pwogram sa totalman gratis, ni moun k ap aplike a ni benefisyè a pap peye Leta Ameriken yon goud pou sa. Pou w aplike pou pwogram lan fòk ou gen yon moun Etazini ki gen yon Estati Legal pou ede w. Sipòtè ya pral koumanse pwosesis la epi li va pwomèt l ap ede w fininansyèman lè w rive Etazini. Si sipòtè ya pwouve, benefisyè ya ap resevwa imel pou l kreye yon kont ” myUSCIS ” pou l ka elijib. Apre li ap resevwa yon enstriksyon de ”USCIS” pou l kapab telechaje aplikasyon mobil “ CBP One epi ajoute enfòmasyon biyografik siplemantè yo ak yon foto, konsa si benefisyè a elijib lap resevwa yon otorizasyon pou vwayaj la apre jiska 90 jou pou w ateri direkteman nan ayewopò Etazini pou yon sejou tanporè k ap dire 2 zan. », deklarasyon, Chaje dafè Etazini an nan peyi Dayiti, Eric Stromayer, nan yon videyo sou rezo sosyal yo.

Nan sans sa, journal Le Placentin ap mande tout migran ayisyen ak ayisyèn ki vize itilize pwogram sila pou swadizan rejwenn yon fanmi, yon zanmi yo ki nan peyi Etazini, pran anpil prekosyon ak raketè ki ta mande nou lajan pou yo ride nou rantre Etazini nan Pwogram Asistans Migrasyon an. Se moun ki ap aplike pou ou a sèlman ki ka ride w nan Pwogram lan. Poutèt sa, n ap mande tout moun swiv enstriksyon Leta Ameriken pibliye yo sou Kondisyon ilijibilite yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Frantzley VALBRUN

Journaliste

Frantzley VALBRUN : Anthropo-sociologue en formation, écrivain, poète et journaliste. Je suis un amant passionné de l'écriture et de la culture, doté d'une grande ouverture d'esprit. Ma liberté est ma demeure.

Laissez un commentaire


0 Commentaire