Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi nan Kabarè ta koupe tèt yon dizèn chofè moto

Nan yon zak laterè ki lakoz gwo endiyasyon, bandi ame ki kontwole komin Kabarè yo ta koupe tèt anviwon 10 chofè moto.

Enfòmasyon sa a soti nan plizyè sous lokal, e li konfime pa plizyè temwen ki te sou plas, selon Politologue Fertile Modelet.

news-details

Daprè sa yo rapòte, chofè yo te sou wout pou al depoze kèk pasaje ki te bloke bò Akayè apre gang te mete baryè sou wout la.

Malerezman, lè y ap retounen, bandi yo te sote sou yo, rale yo desann sou moto yo epi egzekite yo san okenn pitye.

Politològ Fertil Modelet, ki mete nouvèl la deyò sou rezo sosyal X (ansyen Twitter), lanse yon apèl ijan pou tout popilasyon leve kanpe kont zak sa yo. Li mande: “N ap kite peyi a mache konsa oswa n ap leve pou soulèvman?"

Krim sa a vini nan yon kontèks kote zak vyolans gang ap ogmante chak jou, pandan Leta sanble pa gen kapasite pou jere sitiyasyon an.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire