Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Fanmi chèf gang "Ti Grèg" òganize yon antèman senbolik pou li

Fanmi chèf gang "Ti Greg" òganize yon antèman senbolik pou li nan Peyi Etazini, pi presizeman nan eta Nouyòk.

Pwòch ak zanmi defen an fè seremoni sa nan Long Islande jodi samdi 13 avril 2024 la.

news-details

Chèf gang Dèlma 95 lan ki gen bon non l ki se Ernst Julmé te jwenn lanmò li jedi 21 mas 2024 la nan echanj kout zam avèk Lapolis nan Dèlma 66.

Li te genyen 41 lane. Se younn nan evade ki te sove nan Penitansye Nasyonal nan kòmansman mwa mas pase a.

Se jounalis Luckson Saint-Vil ki rapòte enfòmasyon sa kont Twitè li.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire