Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Lapolis arete yon ajan otorize konpayi Natcom ak Digicel ki pirate kont Mon Cash ak Natcash plizyè kliyan

Bradley DIEUJUSTE, yon ajan otorize konpayi Natcom ak Digicel, jwenn arestasyon li paske l ap Pirate Kont Mon Cash ak Natcash Moun nan depatman Nòdwès peyi a.

Selon La Polis, arestasyon sa fèt jodi jedi 13 fevriye 2025 la, nan Nòdwès peyi a. PNH la fè konnen ke Bradley DIEUJUSTE pran plezi l nan pirate kont Natcash ak Mon Cash kliyan yo. Li jwenn arestasyon li nan vil Pòdepè aprè plizyè plent manb popilasyon an depoze kont li.

news-details

Bradley nan yon deklarasyon devan La Polis rekonèt li konn fè retrè sou kont kliyan yo vre.

Lapolis nan Nòdwès fè konnen yap kontinye efò yo pou konbat aktivite kriminèl sa yo ki gen gwo konsekans sou sekirite finansyè popilasyon an. Lapolis mande pou sitwayen yo rete vijilan epi rapòte nenpòt zak ilegal nan zòn yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire