Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

DCPJ arete 2 endividi nan komin Dèlma pou eskwokri

Lapolis anonse jodi jedi 12 septanm 2024 la genyen 2 endividi ki jwenn arestasyon yo nan komin Dèlma paske yo lye ak yon rezo kriminèl k ap bay moun fo chèk. Nan odisyon devan anketè DCPJ, yo deklare yo pa enplike nan koze sa.

Ajan BAFE/DCPJ yo te arete Lorvil Perly, 38 lane, ak Stanley Larose, ki genyen li menm 28 lane nan dat 6 dawout pase a. Operasyon sa te fèt nan komin Dèlma.

news-details

Selon sèvis près Polis la, 2 endividi sa yo deja vòlè anviwon 4 milyon goud avèk 30 mil dola ameriken.

Yo gen abitid bay moun fo chèk pou vòlè lajan ak machandiz moun ki nan biznis pwovizyon alimantè. Majorite machandiz yo vòlè fè wout "Gran Ravin" e ti mesye sa yo konekte avèk plizyè gang selon PNH la.

Si Stanley Larose deklare Lorvil Perly se kouzen l ebyen Lorvil Perly di se pa vre, li pa gen relasyon familya l avèk Stanley.

Operasyon sa reyalize aprè DCPJ te Jwenn plizyè plent pou mesye sa yo.

Lapolis presize Lorvil Perly te jwenn arestasyon li deja pou vòlè machin nan mwa fevriye 2023.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire