Le Placentin
<
news-details
Religion

Eskandal nan Pawas ‘’Saint Sauveur‘’ Okay, kèk fidèl rele chalbari dèyè Pè Pierre Auguste

Ayè dimanch 11 dawout 2024 la, kèk fidèl Pawas ‘’Saint Sauveur‘’ nan vil Okay te rasanble devan legliz la pou mande ranplase pè kap dirije a.

Fidèl yo fè konnen ke pè Pierre Auguste ap kraze legliz la. Daprè deklarasyon yo nan yon videyo yon jounal nan vil la, pè a pa sousye de absans yo, sa ki vin lakoz ke pi fò koral ak gwoup yo kraze. Li menm deklare ke li pa gen pou l mache chèche okenn manb, ke san yo oubyen ak yo legliz la ap mache.

news-details

Fidèl yo kanpe an kwa, yo di yo bezwen tout pè pou ta vin dirije pawas la, sof pè Pierre. Koken, mètdam ak anpil lòt pawòl piman bouk ki tap degaje kont Premye reprezantan pawas Saint Sauveur a nan vil Okay.

Mete sou sa, pwotestatè yo fè konnen ke yo pap pran nan entimidasyon pè Pierre Auguste e yo ba l pinga pou si l ta gen entansyon fèmen lekòl Saint Sauveur a.

Chak jou pi plis eskandal yo ap anndan Legliz Katolik, lè se pa pou kesyon vyòl, koripsyon elatriye se kesyon lidèchip, donk dirijan Legliz yo dwe pran men yo pou anpeche deriv sila yo .

Le Placentin

Partagez cet article

Supporter Le Placentin
author

Yvena ISIDOR

Journaliste

Journaliste, à la fois présentatrice de radio et rédactrice depuis 2021, Professeure de mathématiques avec une formation en génie civil, militante dans le monde culturel comme animatrice de club d'art et de spectacle.

Laissez un commentaire

6 Commentaires

  • author

    12-08-2024

    Eseye fè diferans ant Legliz Katolik ak Episkopal redaktè atik la