Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yon adolesant 14 zan touye tèt li aprè paranl te vin bare lap fè sèks ak yon vwazen yo

Luctania Sufra se non yon adolesant ki genyen 14 zan ki arive touye tèt li nan komin sen Lwi di sid, aprè paranl te vin barel ap fè sèks ak yon mesye.

Gwo rèl nan komin sen lwi di sid aprè fanmi Luctania Sufra jwenn li ta touye tèt li, dèske bopèl ki rele Lucmane Dorval te vin barel ap fè bagay avèk yon mesye ki ap viv nan vwazinay ak yo ki rele Emanius.

news-details

Daprè manman Tania, se yon ti jenn fi ki genyen 14 zan, ki nan klas sizyèm ane fondamantal ke li menm ak bopè a ap bat lavi ak li, se yon kou ki di anpil pou Tania ta rive touye tèt li konsa.

Daprè Lucmane ki se bopè Tania, li di se pandan lap antre nan kay la, li jwenn Tania chita an kwa sou mesye ki rele Emanius la yap fè bagay. “Mdi o pitit mwen se sa ou fèm, map blije al pote papaw plent ou pou siw ansent” se deklarasyon bòpè a. Li di Tania di si ou al di papa m sa lap touye m. Epi se rete li rete li vin jwenn Tania touye tèt li ak yon jilèt. Se pase li pase jilèt la anba kou li li touye tèt li. pawòl bòpè a

Msantim atriste paske sa pa potem byen ditou,pou jan sa pase a. ” byen petèt li teka deja nan yon relasyon avèk mesye a pou jan sa pase a. Sim ta genyen yon mesaj , se ke aprè otorite yo fin fè konsta map pran kadav mwen m ale avèk li achte yon sèkèy anterel, paske m pa gen mwayen poum metel nan mòg”. Daprè papa Tania.

Daprè jij depè ki nan komin nan ki te vin fè konsta, li di li wè yon manchèt ak yon jilèt kote Tania mouri a, jij depè a arete bopè a ki rele Lucmane Dorval , nan yon sans li di poul jwenn plis verite sou dram nan.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire