Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Nan La Gonav, zam ap vann kou pate cho

Depi kèk tan la gen yon komès zam diferan kalib kap fèt nan plizyè zòn sou zile La Gonav ki twouvel nan depatman lwès peyi a e mezire anviwon 743 kilomèt kare.

Selon enfòmasyon ajans an liy La Nouvelle rapòte, pandan semèn sa endividi t ap ofri moun zam pou vann nan lokalite Zetwa, lwès Ansagalè. E materyèl sa yo sòti nan komin Akayè pou rantre Lagonav.

news-details

"Sa depan. Gen zam ki vann isi pou 50 000 goud e plis. Malerezman, pò yo pa gen okenn kontwòl", se sa La Nouvelle di yon sous li deklare ba li.

Lèn konnen kijan zam anvayi nan divès lòt rejyon nan depatman Lwès la, èske otorite yo pa ta dwe pran devan pou al gade kisa bagay la ye epi frenen jan de komès sa yo? Li rete pou n swiv.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire