Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Lapolis mare prezime bandi Denis Lumajeune tankou krab

Nan vil Gonayiv, la Polis entèpele yon endividi ki se yon prezime bandi baz gang "Kokorat San Ras".

Ajan PNH yo nan vil la fè arestasyon sa jodi vandredi 12 avril 2024 la. Selon ajans an liy Amérique infos 7, Denis Lumajeune ta fè pati nèg ki konn ap vide gonm galon boule sou po moun yo Kidnape pou fòse fanmi yo bay kòb.

news-details

Pou kounya endividi sa sou kontwòl La Polis.

Nap raple w, mèkredi pase a komisè gouvènman Gonayiv la, Mèt Guivernat Guillaume te arete yon prezime bandi ki fè pati baz gang "Kokorat San Ras" la tou, ki rele Génèse Jean.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire