Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Videyo ak foto krèy minè nan vil Ench, Komisè Gouvènman poze sele sou yon Otèl, plizyè moun jwenn arestasyon yo

Aprè anpil foto ak videyo seksyèl ( krèy) kèk adolesan nan vil ench tap sikile sou Plizyè platfòm sou rezo sosyal yo , Komisè Gouvènman vil la ki se Mèt Marlène Abraam pran desizyon poze sele sou Otèl kote zak la komèt la, anviwon 7 moun jwenn arestasyon yo tou pou menm dosye sila.

Mèt Marlène Abraam ki se Komisè Gouvènman vil ench lan afime nan mikwo plizyè jounalis nan vil la ke li poze sele sou Otèl « Modernité » akoz genyen twòp zak vagabondaj kap fèt nan antrepriz sila selon plent sitwayen nan vil la pote.

news-details

Pi lwen, Reprezantan lasosyete a avanse 2 rezon fondamantal ki koz li poze sele sou Otèl « Modernité » a. 1) genyen yon fiyèt 13 lane mwa pase a, 4 jenn gason tap fose pou antre nan Otèl « Modernité » a, lel ap fè tèt rèd jenn gason sa yo bat li ak baton bizbòl epi antre ak li nan Otèl la al vyole li, pami 4 jenn gason ki te vyole fiyèt la , genyen 3 ki jwenn arestasyon yo epi youn te arive sove.

Lòt gwo rezon ki pouse Komisè a poze sele sou Otèl la, se pou foto ak video minè yo ki se elèv Plizyè lekòl nan vil la ki ap sikile sou rezo sosyal yo ki tap fè krèy, Cho madivin elatriye.

Toujou daprè Mèt Marlène Abraam, Junior ki se youn nan anplwaye Otèl la se ta youn nan moun ki ta lakoz tout voksal sa yo fèt nan Otèl la, koz se li menm ki te bay mesye dam yo chanm pal la, li touche plis kòb nan men yo ke li ta sipoze touche , pou tout bagay yo te arive fèt .

Junior ki se youn nan akize prensipal yo ki jwenn arestasyon l tou, pat pran tan nan mikro menm jounalis yo poul te demanti komisè a, poul fè konnen ke li pat bay mesye dam yo chanm li pou yo te fè vakam, koz chak jou li dòmi nan yon chanm diferan, e daprè Junior li pat menm konnen kesyon krèy tap regle.

Pou fini, komisè Gouvènman mande solidarite tout moun ki nan kominote enchwaz la, poul kapab konbat tout zak imoral ki ap fèt nan vil la, komisè a bay garanti ke bagay sa yo ap gen pou kaba.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


1 Commentaire