Ansyen Minis Sante Piblik, Duckenson Lorthe Blema, soti nan silans li poul fè konnen sa li panse sou aksyon gouvènman an aprè fiziyad ki te fèt pandan relouvri Lopital Jeneral la.
Sou Twitter, li ekri: « 10 mwa apre yo te kite espwa mouri nan anba vil la, yo finalman fè yon Konsèy Minis nan Palè Nasyonal. Mwen te gen kouraj rekonstrui lavi, yo te chwazi silans. Jodi a, yo ap imite vizyon mwen. Istwa gen memwa li. »
Avèk deklarasyon sila, Blema montre ke pandan li t ap travay pou refè lavi nan lopital la, gouvènman an te rete silansye. Li mansyone ekzekitif la resi deside rejwenn vizyon li an pou anba Lavil la.
Denonsyasyon ansyen minis la soulve deba sou kapasite gouvènman an pou jere sekirite nan lopital yo ak pwoteje pasyan ak pèsonèl sante a.
0 Commentaire