Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Yon prezime bandi ki fè pati gang "Kokorat San Ras" jwenn arestasyon l

Komisè gouvènman Gonayiv la, Mèt Guivernat Guillaume arete yon prezime bandi ki fè pati baz gang "Kokorat San Ras" kap opere nan Lakwa Peris.

Endividi sa rele Génèse Jean. Li jwenn arestasyon l ayè mèkredi 10 avril 2024 la pou asosyasyon malfektè, nan kad yon operasyon ki reyalize ant Pakè vil Gonayiv avèk Direksyon Depatmantal Polis Latibonit.

news-details

Prezime bandi sa te gen yon manda rale mennen vini dèyèl depi nan dat 9 oktòb 2023 a.

Pou kounya, Genèse Jean AP reponn kesyon lajistis nan Gonayiv.

Se ajans an liy Tandans 7 ki rapòte enfòmasyon sila.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire